Chèf OMS La Deklare KOVID Poko Fini nan Lemond

0


Tedros OMS

“An verite, pandemi KOVID-19 la poko fini”. Se deklarasyon Direktè Jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante a (OMS), Tedros Adhanom Ghebreyesus, pandan li te pran lapawòl dimanch nan okazyon 75èm Asanble Sante Mondyal la. Avètisman sa a rive nan moman kèk peyi kòmanse relache règleman sou KOVID-19 yo epi kantite ka enfeksyon yo ap remonte. Tedros ajoute:

“Kantite ka yo repote yo ap ogmante nan anviwon 70 peyi nan tout rejyon sou latè. Viris sa a pa sispann etone nou; se yon tanpèt ki boulvèse kominote nou yo san rete e nou poko ka prevwa ni trajektwa li, ni fòs li.”

Dapre chèf OMS la, alòske rapò anrejitre yo pale de plis pase 6 milyon moun atravè lemond ki pedi lavi yo anba KOVID-19, òganizasyon mondyal la estime ke vrè kantite a depase “15 milyon mò.”

Pandansetan, Gallup ---konpayi analitik mondyal la- te mande ameriken yo chak mwa depi pandemi an te kòmanse: “Kisa ki reprezante pwoblem ki pi enpòtan Lezetazini ap konfwonte?”

Repons la se KOVID. Sepandan, tout bagay te chanje nan mwa mas pase a, kote preyokipasyon ameriken yo te sòti sou KOVID pou l konsantre sou ekonomi an.

You may like these posts

No comments