Lèzetazini Ap Fè Medikaman Antiviral kont KOVID Vin Pi Disponib nan Sant kote Yo Fè Tès

0


A resident gets her throat swabbed during a mass COVID test, in Beijing, May 16, 2022.

Washington - Lamezonblanch anonse jedi li pral pran plis dispozisyon pou l pèmèt trètman ak antiviral Paxlovid vin pi disponib atravè Lèzetazini nan moman li prevwa enfeksyon KOVID-19 yo pral kontinye simaye pandan sezon ete a kote moun vwayaje anpil.

Premye sit pou tès ak tretman ki benefisye apui gouvènman federal la ouvè pòt li jedi nan Rhode Island kote malad yo gen aksè ak medikaman depi yo teste pozitif. Plis sit k ap jwenn sipò federal gen pou ouvri nan semèn k ap vini yo nan Massachusetts ak New York, 2 eta ki anrejistre yon gwo ogmantasyon nan kantite ka enfeksyon yo.

Semèn pwochèn nan, Lèzetazini pral voye ajan ki ka preskri medikaman sou plizyè sit nan Eta Minnesota pou transfòme yo an sant kote yo ka ni teste, ni trete malad. Responsab federal yo voye bay medsen yo gid ki gen plis presizyon yon fason pou ede yo detèmine kijan pou yo jere entèraksyon Paxlovid ak lòt medikaman pandan y ap fikse atansyon yo sou asistans “preskriptè” yo bezwen pou yo fè plis malad jwenn yon medikaman ki ka sove lavi yo.

Kantite ka enfeksyon ki konfime nan peyi a miltipliye 4 fwa lavalè depi fen mwa mas la: chif la sòti nan 25 mil pou l depase 105 mil chak jou. Sepandan kantite mò yo pa sispann bese e yo plafonnen pou yo rete nan yon kantite ki mwens ke 300 pa jou.

You may like these posts

No comments